Istwa Nou
-
LakayPro te kòmnse ak yon vizyon senp: mete konesans ak zouti dijital nan men moun ki sòti lakay. Nou kwè tout moun merite chans pou aprann, bati biznis, epi reyalize rèv yo — ak resous ki pale lang yo epi ki konprann reyalite yo.
Misyon Nou
-
Bay moun pouvwa pou yo devlope tèt yo, lanse biznis, e viv endepandan gras ak edikasyon, zouti dijital, ak sipò kominotè.
Sa Nou Ofri
-
Sèvis Biznis
Kreye boutik sou Shopify, Etsy, Amazon -
Pwodwi Dijital
eBooks, modèl, planifikatè -
Sèvis Kreyatif
Sosyal medya kit, dizay brand, maketin prodwi...
-
Zouti Edikatif
Gid pou CNA, fraz bileng, konsèy biznis
Poukisa LakayPro se yon bon chwa?
-
✅ Resous Bileng (Kreyòl & Anglè)
-
✅ Rasin Kiltirèl
-
✅ Bon Rezilta
-
✅ Abòdab & Fasil Pou Aksè
-
✅ Sipò Pèsonalize
Poukisa Nou Kreye LakayPro?
-
Nou remake anpil moun nan kominote a pa t gen aksè ak zouti pou lanse biznis oswa aprann sou entènèt.
Gen twòp resous ki pa fèt pou nou, ki pa pale lang nou, e ki pa konsidere reyalite Ayisyen yo.
Se konsa LakayPro fèt pou mete konesans, zouti, ak fyète nan men chak fanm ak gason ki vle kreye, aprann, ak reyalize.
Rantre Nan Kominote a
-
Pare pou w lanse pwojè ou oswa aprann plis sou kijan pou w grandi?
👉 Vizite boutik nou an
👉 Rezève sèvis ou
👉 Telechaje resous gratis nou yo